Pou nou konnen Legliz la pi byen

Partager

  1. Kote mo Legliz la soti ? kisa l vle di ?

Legliz se an menm tan yon mo ki gen yon istwa epi yon reyalite mo sa tradwi. Mo Legliz la soti nan laten Ecclesia. Se grèk yo ki envante mo sa (yo ekri l an grèk Ἐκκλησία). Mo sa, save ki, depi nan 2e syèk anvan Jezi, te mete Ansyen Testaman nan lang grèk yo te itilize l (oubyen mo συναγωγή : sinagòg) pou yo tradwi mo ebre qahal. Se yon manyè rakousi pou nou nonmen pèp Bondye a(qahal Yahvé an ebre,ἐκκλησία του Κυρίου en grèk oubyen Assemblée du Seigneur an fransè).

Nan Nouvo Testaman ἐκκλησία (Legliz) deziyen kominote dènye tan yo, « rès Izrayèl » la kòm yon kominote k ap deklare lafwa l nan Jezu, sila ki te gen pou vini an. Yon lafwa « rès Izrayèl » sa ap deklare nan non tout pèp la.

Sen Pòl sèvi ak mo Legliz la anpil fwa, se sitou lakay li nou pran imaj ki fè nou pale de Legliz la tankou yon kò a. Nou jwenn mo « Legliz » la tou lakay sen Matye (16, 18 ; 18, 17) epi nan kèk pasaj liv Travay Apòt yo. Sen Pyè prezante Legliz la tankou yon pèp ki rasanble ni jwif ni payen (cf. P 2, 9-10). Sen Pòl li menm konsidere tèt li tankou Apòt payen yo, sa vle di pèp etranje yo. Se pa etonan si depi nan kòmansman Legliz la rasanble tout moun jwif tankou payen.

Mo Legliz la fè nou sonje moun ki fòme pèp sa ki pou Bondye a, se Bondye li menm ki chwazi yo (cf. Is. 49, 22) ; yo se yon pèp k ap sèvi Bondye.

  1. Poukisa yo di « Legliz katolik » ?

Adjektif « katolik » la soti nan lang grèk : Καθολικός (katholikos), ki vle di « inivèsèl », nan sans totalite, entegralite. Se nan 2e syèk aprè nesans Jezi yo kòmanse di « Legliz » la « katolik s. Nan grèk klasik καθολικὸς λόγος (katholikos logos) vle di yon bagay tout moun pataje ansanm, yon kote tout moun rejwenn yo.

Adjektif katolik la vin kòmanse kole ak mo Legliz la nan menm moman wòl otorite yo kòm pastè (sa vle di sitou Evèk yo) ap pran enpòtans nan mitan kretyen yo. Apati 2e syèk, Evèk la pral tounen gadyen linite ak kominyon nan mitan pèp Bondye a. Se sent-Inyas ki te Evèk Antyòch ki pral sèvi an premye ak ekspresyon « Legliz katolik » la. Li te itilize l pou l di : Kote Evèk la ye a, se pou la pou kominote a fòme, menm jan kote Jezi Kri ye a, se la Legliz katolik la ye. Ekspresyon « Legliz katolik » la te vle di pou Evèk Antyòch la, vrè Legliz la, Legliz ki pa nan erè a, Legliz ki nan chemen ki dwat la. Se konsa nan Credo senbòl Nise a nou wè ekspresyon « Legliz katolik » la vin ofisyèl kòm youn nan 4 nòt karakteristik Legliz la.

Dapre Katechis Legliz Katolik la, yo pale de Legliz katolik nan plizyè sans :

  1. Pou yo di li se Legliz Kris la ki gaye sou tout fas tè a antan li se menm Legliz la tout kote ;
  2. Pou yo di li resevwa nan men Kris la tout eleman ki pèmèt moun viv epi eksprime lafwa yo pou yo jwenn delivrans Bondye pwomèt la.

Pou Sent-Ogisten ki te Evèk Ipòn (ansyen non vil Anaba an Aljeri), mo « katolik » la vle di yon Legliz kote kretyen yo ap viv nan kominyon epi soumèt anba otorite Pap la kòm Evèk Wòm.

  • Nou di Legliz la « youn », alòske andeyò Legliz katolik gen lòt Legliz tankou Legliz episkopal.

Legliz katolik se yon bann kominote k ap viv epi selebre menm lafwa antan yo nan sèvis Kris la. Evèk yo ki sou tout fas tè a, ap anseye, ap gide epi ap pran swen manb kominote sa yo kòm Kò Kris la, antan yo rete nan kominyon youn ak lòt epi avèk Evèk Wòm nan ki se Pap la. Okenn moun pa kapab di li se manb Legliz katolik si li pa : resevwa batèm nan Legliz la epi viv lafwa a dapre jan Legliz katolik la anseye l epi deklare l, antan li dakò mache dapre prensip Legliz la.

Si nan deklarasyon lafwa a nou deklare Legliz la youn, li sen, li katolik epi apostolik, pou divès rezon epi nan divès sikonstans, nou pral jwenn kèk gwoup ki kite Legliz katolik pou yo kontinye ekziste kòm kominote separe. Sa ki vin kreye divizyon nan mitan kretyen yo. Kretyen sa yo kenbe kèk lyen kominyon ak Legliz katolik san yo pa fè pati Legliz ki sou otorite Pap la. Pami yo nou jwenn :

  • Legliz òtodòks
  • Legliz ki soti nan refòm yo
  • Epi Legliz anglikàn ki pote non Legliz episkopal nan kèk peyi.
  • Kisa Legliz episkopal la ye ? Eske li se menm ak Legliz katolik ?

Legliz episkopal yon non yo bay nan Legliz anglikàn nan kèk peyi tankou Etazini ak Ayiti. Se Wa Henri VIII, nan peyi Angletè, ki te fonde Legliz sa bò lane 1534 konsa.

Henri VIII te marye ak Catherine d’Aragon avèk otorizasyon Pap Jules II, pwiske Catherine te marye avan sa ak Wa Arthur ki se frè Henri VIII, e ki te mouri tou jèn. Henri VIII ak Catherine fè 23 zan marye (1509-1533). Li te vle genyen yon pitit gason, men Catherine pa t janm fè pitit gason. Henri VIII te chaje ak lòt fi. Se konsa yon pitit gason, Henri Fitzroy, pral fèt andeyò maryaj la. Istwa sa mennen jis nan divòs Wa Henri VIII ak Catherine d’Aragon. Pwiske Pap la pa t vle anile maryaj relijye Henri VIII la, li pral fè Achevèk Cantorbery a anile maryaj la, pou li remarye ak Ann Boleyn. Se konsa Pap Clément VII ekskominye Henri VIII.

Wa Anglè a pwofite de mouvman refòm nan, pou li kreye yon nouvo Legliz ki separe ak Wòm, antan li pwoklame tèt li kòm chef Legliz la nan peyi Angletè. Malgre premye pitit fi li, Marie, pral restore Legliz katolik an Angletè men sa pap dire plis pase 5 lane. Lè dezyèm pitit fi Henri VIII la, Rèn Elisabeth monte sou twòn nan li retabli Legliz anglikàn e li enstore l kòm relijyon ofisyèl. Pèsekisyon kòmanse kont Legliz katolik an Angletè, pwiske an menm tan Pap la ekskominye Rèn Elisabeth. Se sèlman an 1829, palman britanik la pral vote pou katolik yo rejwenn dwa pou ekzèse pratik relijyez yo san entèdiksyon.

Sou plan doktrinal, Legliz anglikàn chita sou 5 eleman :

  1. Labib la ;
  2. Liv lapriyè yo tout itilize a : The Prayer Book (yo te redije l an 1552, yo aktyalize l an 1982) ;
  3. Credo senbòl Nise a ;
  4. Sakreman yo ;
  5. Episkopa istorik la.

An 1570, yo te adopte sa yo rele « 39 atik relijyon » ki fikse idantite yo pa rapò ak Legliz katolik, Legliz òtodòks ak Legliz ki soti nan refòm nan. Se 44 Legliz o total ki fòme konfesyon anglikàn ke yo rele tou Legliz episkopal. Chak Legliz sa yo otonòm. Pa gen okenn moun ki gen premye ran menm jan ak yon Pap nan tout Legliz angikàn nan. Tout 44 Legliz sa yo rete ansanm gras ak kèk ògàn yo etabli tankou :

  1. Konferans Lambeth la ki rasanble tout Evèk Legliz episkopal yo chak 10 zan depi 1867 sou otorite Achevèk cantorbery a pou diskite kèk sijè enpòtan pou Legliz sa ;
  2. Konsèy konsiltativ Anglikan an ki se yon ògàn pèmanan ki fasilite kontak ak divès Legliz yo depi 1968 ;
  3. Konsèy Prima yo ki reyini, depi 1978, chak 2 a 3 zan ou menm pi souvan si sa nesesè.

Se Rèn Angletè a ki senbolikman gen otorite inivèsèl sou Legliz episkopal oubyen anglikàn nan. Men se Achevèk Cantorbery a ki gen premye ran nan mitan tout Evèk anglikan yo.

Se vre Legliz anglikàn oubyen episkopal deklare li konsève tout patrimwàn sakre ak doktrin Legliz la jiska moman separasyon an, men yo se yon Legliz diferan de Legliz katolik ke Pap la ap dirije a.

Pami diferans nou ki genyen an Legliz katolik ak Legliz anglikàn : nan legliz anglikàn yo, pè yo marye epi gen fi yo òdone kòm pè. Nan Legliz katolik, rit Laten an, pè yo pa marye, epi yo pa òdone fi pè. Gen 15 nan Legliz ki nan kominyon anglikàn ki pèmèt fi vin Evèk tou, tankou nan peyi Etazini, Écosse, Canada, an Nouvelle-Zélande epi, depi an 2008 an Angletè. An 1896, Pap Léon XIII te di nan dokiman Apostolicae Curae, òdinasyon Evèk Legliz anglikàn yo envalid. Epi Achevèk anglikan Cantorbery a ak Achevèk anglikan York la te pibliye ansanm yon dokiman ki rele Saepius Officio pou yo di fòm sakreman an ak entansyon an ki nan rityèl anglikan 1547 la sifi pou bay òdinasyon yo a validite l.

« Lè nan lang fransè yo di « Conférence Épiscopale d’Haïti », yo pale de tout evèk katolik yo »[1] kòm manb yon antite kolejyal ki gen otorite poze kèk aksyon nan non Legliz la epi ki se ekspresyon kominyon ant Legliz ki nan diferan dyosèz yo ke Evèk yo ap dirije nan peyi a. Devan konfizyon tèm episkopal la simen kèk fwa, Legliz la prefere pale jeneralman de « Confèrence des Évêques catholiques d’Haïti ».

Si Legliz katolik bay yon plas enpòtan ak wòl Evèk yo kòm pastè epi kòm garan « Succession apostolique » la, kretyen katolik yo pa pwofese lafwa yo nan yon legliz episkopal, men nan yon Legliz apostolik.

*******

Nan tout bagay sa yo, menm si li bon pou nou fè diferans ant Legliz katolik, Legliz òtodòks, Legliz anglikàn oubyen Legliz ki soti nan refòm nan, sa ki soude yo tout ansanm nan pi enpòtan e se li ki premye : se lafwa nan Jezi Kri ki te tounen moun, ki mouri, ki leve byen vivan e ki monte nan syèl la. Se pou sa, okenn kretyen pa gen pou depanse enèji nan lòt bagay pase nan lapriyè, nan sèvis pitit Bondye sou tè a ak nan anonse Levanjil la pou moun kapab kwè nan Jezi Kri ki se sous lavi pou tout moun.

Se pou Lespri Sen an ban ou bon konprann ak fòs pou nou mache nan direksyon sa ansanm malgre tout diferans, antan n ap mete konfyans nou nan Bondye ki va reyalize linite a nèt jan li vle ak lè li vle a.


[1] Dapre yon tèks P. Lesly J. Juste ki se yon pè nan dyosèz Jérémie.

Sèvis kominikasyon Achidyosèz Pòtoprens

Leave a Reply

A lire aussi

Pour une Église synodale…

Chaque fois que nous voyons le mot « Synode », notre culture ecclésiale et théologique nous renvoie à la mémoire combien admirable du Pape Paul VI, qui

Formation des catéchètes

Chaleur et ambiance estivales, rencontres et aventures amicales, voyage et découverte ; ce sont là des traces qui demeurent dans la vie de l’église locale qui

Eucharistie, Splendeur et joie 

« Eucharistie, Splendeur et joie », le dernier livre de Mgr. Patrick Aris pour mieux nous aider dans une nouvelle dynamique pastorale et liturgique. Tant de questions